Noticias|

An Ayiti, sa pa rantre nan abitid nou pou mande timoun yo avi yo lè desizyon yo ap pran, kit se nan fanmi, kit se nan lekòl, kit se nan kominote yo. Nan gade koze dwa patisipasyon an, atik 12 konvansyon sou dwa timoun yo pale sou li a, li parèt klè: ni leta, ni sosyete sivil, ni kominote kote timoun yo ap evolye pa devlope reflèks mande timoun yo sa yo panse. Sa ki se yonn nan andikap pou jwenn solisyon dirab nan defi sosyete yo ap rankontre. Alòske timoun yo, yo menm tou, yo konsène pa pwoblèm sa yo.

Yon egzanp konkrè an Ayiti se pwoblèm jwenn bon dlo pou moun kapab sèvi. Tankou nan anpil peyi an Afrik, al chèche dlo pou fonksyonman kay la rete sitou yon kòve pou fanm ak timoun. Kit se timoun k ap viv ak fanmi yo, kit se sila yo ki restavèk; al chèche dlo ka pran yon gwo pati nan tan yo pandan yon jounen. Ant distans pou al chèche dlo a, ak ale vini pou jwenn ase dlo pou fanmi an sèvi pandan jounen an, aktivite sa a pran tan ak enèji.

Timoun ki gen responsabilite al chèche dlo pou sèvis tout fanmi an fè fas ak anpil difikilte nan lavi a ki twòp pou laj yo. Youn nan kote sa parèt aklè se nan pèfòmans akademik yo. Timoun yo ki dwe al chèche dlo avan y ale lekòl e pafwa tou ki dwe rekòmanse ankò nan apremidi apre lekòl, pa toujou gen tan pou yo etidye, fè devwa, rechèch, elt. Sa ki ka gen enpak sou rezilta y ap pote lakay yo, men san fanmi yo pa toujou konprann kòve al chèche dlo a ka yonn nan koz yo. Anplis sa, souvan timoun sa yo san pwoteksyon lè yo pral chèche resous sa a, se konsa yo ekspoze anba tout kalite agresyon pandan trajè a, lè se pa lavi yo menm ki sou balans lan. Epi tou, nou paka bliye mansyone aksè limite a bon dlo a se yonn nan premye kòz dyare k ap touye timoun nan peyi a, lakay sila yo ki poko gen senk lane [i].

Kidonk an Ayiti, nou dwe leve defi a nan pèmèt tout moun gen fasilite pou jwenn bon dlo ak sistèm sanitè, men tou, nou dwe sansibilize popilasyon an sou fason li dwe jere dlo yon fason responsab e efikas. Li klè timoun yo dwe gen aksè a bon jan kalte dlo;  li esansyèl nan devlopman yo. E pote dlo a anndan kominote yo, ap pèmèt timoun yo sispann viktim absans estrikti sa yo ki dwe la pou fasilite lavi nan kominote yo.

Jodi a gen metòd ekolojik ak dirab (tankou kolekte e trete dlo lapli) ki ta ka bay gwo soulajman pou anpil fanmi ki dwe ekspoze pitit yo nan travay domestik sa yo, e anpeche yon devlopman entegral timoun yo selon etap nan lavi yo ye a. Kòm yon pati nan gwo defi sa a, li fè sans pou idantifye, kreye ak replike fason efikas pou pote konesans sa a nan kominote yo ki reyèlman bezwen sa. Pou sa, li esansyèl pou etabli alyans ak sinèji ant divès aktè nan sosyete a –  gouvènman, enstitisyon kiltirèl, inivèsite, antrepriz, sosyete sivil la, ak moun ki gen bon volonte- ki ka ini efò yo ak kapasite yo nan chèche solisyon kreyatif.

 

Deja un comentario

Tu dirección de correo electrónico no será publicada. Los campos obligatorios están marcados con *

Close Search Window